top of page
  • Rosebrune Vixamar

Press Release: Ministre a la Condition Feminine


Lendi 19 fevriye 2018

Lawrenceville GA 30045

Lèt tou louvri pou son Ekselans Madam Eunide Innocent Minis kondisyon Fanm ak Dwa Fanm nan biwo li.

Ekselans, nou menm Fanm nan "International Women Of H.O.P.E" (IWOH) Georgia kou Ayiti pran desizyon ekri w lèt tou louvri sa a, pou nou ka eksprime gwo kè sote ak lapenn kap bouyi andedan nou devan fenomèn boule mache sa a kap devlope depi nan lannwit lendi pou leve madi gra epi dimanch 18 fevriye 2018 la.

Lè nou konsidere sitiyasyon machann nan mache yo te deja pat pi kòdyòm pase sa, paske anpil ladan yo se fanm manman papa an menm tan;

Lè nou konsidere reyalite brase lajan ki pa pou yo machann yo ap viv chak jou pou yo ka peye ponya a dwat a gòch (dekouvri sen pye pou kouvri sen pol);

Lè nou konsidere majorite medam fanm kap vann nan mache yo se avèk anpil difikilte pou rive reponn ak bezwen premye nesesite yo tèlman lavi a rèd nan peyi a;

Lè nou konsidere kantite pitit peyi a an majorite jenn fanm kap kouri pran wout pou ale chili dèyè yon lavi miyò, (ki miyò atò?)

Lè nou konsidere medam fanm kap chache lavi pou tèt yo ak fanmi yo anba lavil la te deja pat konn ki sen pou yo rele anba ensekirite ak vyòl plis vòl nèg ak zam ap fè sou yo san entèvansyon leta. Pou mete sou sa, nan espas 5 jou, 2 espas mache kote fanm yo pran sèvis chak jou granmèt la fè jou pou chache lavi nan diyite pou yo menm ak fanmi yo epi peye leta tax boule kankannen ra pye tè ak tout machandiz ak tout lajan yo te fin vann.

Madanm minis ou se yon fanm, avan w te minis ou te fanm, aprè w fin wap rete fanm, pawòl la di; tout doulè w fanm fanm se pou w fanm.

Se poutèt sa IWOH adrese l dirèkteman ak ou nan lèt tou louvri sa a pou nou mande w pou ministè a pran ka fanm viktim sa yo an konsiderasyon paske doulè absè sou klou sa yo ap bay medam yo non sèlman pwoblèm nan pòch yo(Ekonomik, materyèl) men tou anpil pwoblèm sikolojik (twomatiz, pwoblèm nan tèt). Ki donk, madam minis, IWOH ap mande w tanpri souple, pandan leta ak gouvènman an ap chache orijin zak makawon sa yo pou tout machann yo an jeneral kapab jwenn jistis pou move kou sa a, pou ministè kondisyon fanm ak dwa fanm pran dosye medam yo an chaj pou:

1-Founi yo akonpayman nesesè nan demach administrative yap bezwen Mennen.

2- Ede yo jwenn benefis akonpayman sikològ ak travayè sosyal gratis ti cheri pou ede yo trete tèt yo anba chòk emosyonèl zak vyolans ekonomik sa fè sou yo.

Pou nou fini madam minis, nap fè w sonje jan nou konte sou lespri bon konprann sajès fanm ak solidarite fanm ou pou bay swit nesesè a demand IWOH a. Nou salye w madam minis nan non tout zansèt fanm ki fè listwa n.

Moun ki siyen lèt sa a se:

RoseBrune S. Vixamar Marie Maud D. Valme

Fondatris, Prezidant Chaje misyon pou Ayiti

Second Translation in (FRENCH):

Lundi, 19 Fevrier 2018

Lawrenceville GA 30045

Lettre ouverte a l’attention de son Excellence Madame Eunide Innocent Ministre a la Condition Feminine et au Droit de la Femme en ses bureaux.

Excellence,

Nous autres Femmes membres de “International Women of H.O.P.E (IWOH)” vous adressons cette lettre ouverte dans le but d’exprimer nos inquietudes face a ce phenomene de marche incendier qui se produit au bas de la Ville de Port-au-Prince depuis la nuit du lundi au mardi gras et le Dimanche 18 fevrier 2018 soit 5 jours d’ecart l’une de l’autre.

En effet Madame la Ministre,

Conciderant la situation d’extreme pauvrete qui prevost dans le pays;

Conciderant la realite d’insecurite extreme que vivent les commercantes au centre ville

quotidiennement sans aucune intervention de l’etat;

Conciderant que ces femmes, se trouvent deja dans l’obligation de payer de lourds interest de gauche a droite pour pouvoir tenir leurs activites de commerce;

Conciderant la forte quantite de jeunes femmes et filles laissant le pays tous les jours pour se rendre au Chili ou a d’autres endroits de la terre;

Point nous est besoin de vous dire madame la Ministre, combien ces deux incendies vont transformer leur miserable vie en un calvaire characterise.

Pour cela, l’International Women of H.O.P.E (IWOH) demande a ce que le ministere assure la prise en charge de leur dossier

1-En les accompagnant dans les demarches adminitratives necessaires

2-les aider a beneficier des services d’accompagnement psychologiques gratuits pouvant les aidera surmonter le choc emotionnel que ces incendies peuvent produire sur leur personne.

Comptant sur votre sagesse et solidarite feminine, nous vous prions Madame la Ministre de recevoir nos distinguees salutations.

RoseBrune S. Vixamar Marie Maud D. Valme

Fondatrice, Presidente Chargee de Mission pour Haiti

Featured Posts
Recent Posts
Archive
Search By Tags
No tags yet.
bottom of page